Form | Ayisyen Ki Bezwen Sponsor | Sèvis Gratis

 



Sitwayen Ayisyen an Ayiti kap chèche Sponsor nan USA

I. Limit responsabilite nou:

Lè ou ranpli fòm sa a, nou pa mande ou lajan, fè ou okenn pwomès oswa ba ou okenn rezilta garanti. Si w ap viv ann Ayiti epi w vle sove vi ou pou echape vyolans gang ak mank de opòtinite ekonomik, tanpri ranpli fòm ki anba a epi n ap fè tout sa nou kapab pou eseye konekte w ak yon potansyèl sponsor Ozetazini.


II. Kondisyon:

Lien form nan pouw ranpli a

1. Ou dwe gen yon paspò ki valab


2. Kapab achte pwòp tikè ou pou vin USA


3. Pa kapab jwenn yon sponsor (fanmi oswa zanmi) nan USA.


4. Kapab ak pare pou ou travay pou ka reyalize oto-sifizans.


5. Pa te 'òdone depote' de peyi Etazini nan 5 ane anvan yo.


6. Aktyèlman pa gen yon estati pèmanan oswa refijye nan yon lòt peyi.


III. Kisa nou bezwen pou ranpli fòm sa a:


1. Premye paj paspò w la


2. Endike si w marye oswa selibatè


3. Adrès imel ou


4. Nimewo telefòn ou an Ayiti


5. Adrès ak ki vil ou abite an Ayiti.


6. Brèf rezime edikasyon ou ak konpetans ou (si ou vle)


7. Brèf deklarasyon sou fason vyolans gang ak mank opòtinite ekonomik afekte lavi w ann Ayiti.


IV. Kisa ki pral rive apre ou fin soumèt enfòmasyon pou nou ka sponsor ou yo ba nou?


Premyèman, AdMerk Corp Inc. pa mande w okenn lajan, pa fè okenn pwomès oswa ofri w okenn rezilta garanti pou konekte w ak yon 'Sponsor' Ozetazini.


1. Wap resevwa yon imèl konfimasyon "Thank You / Mèsi" ki vle di nou resevwa tout enfòmasyon ou yo.


2. Lè nou jwenn sponsor, nou pral chwazi pami gwoup aplikan ki te renpli fomile ki anba la.  Apre sa, nap kontakte chak aplikan pou fè yo konnen ke nap ba yo "sponsor". 


3. Nou pral ranpli yon aplikasyon pou sponsor oswa fòm I-134A nan USCIS sou non ou. AdMerk Corp. Inc. ap voye resi a pa imèl ba ou epi nou dwe tann USCIS pran yon desizyon paske nou pa gen kontwòl sou pwosesis sa a.


4. Akòz volim apèl ak mesaj yo, li pratikman enposib pou reponn chak apèl ak tèks atravè whatsapp kòm nou toujou nan telefòn ap chèche 'Sponsor' pou ou.


Lien form nan pouw ranpli a


Enregistrer un commentaire

0 Commentaires